Onore Manman ou: Yon Benediksyon ak yon Lòd Bondye
Manman se poto mitan lavi nou. Se li ki pote nou, nouri nou, epi mennen nou ak lanmou ak pasyans sou chemen lavi a. Se pa ti travay! Men sa ki pi enpòtan, Bib la fè nou konnen li enpòtan anpil pou nou onore manman nou, paske se Bondye menm ki bay lòd sa a.
Onore Manman w – Yon Lòd ki soti nan Bondye
Bib la di:
“Onore papa ou ak manman ou; se premye kòmandman ki gen pwomès ladan li.”
(Efezyen 6:2)
Sa vle di, lè ou respekte epi ou onore manman ou, ou pa sèlman ap fè sa ki byen — ou mete tèt ou sou bon chemen pou ou resevwa benediksyon Bondye.
Manman se yon benediksyon Bondye mete nan lavi nou
(Pwovèb 31:28)
Yon manman ki renmen Bondye, ki leve pitit li nan chemen Bondye, se yon trezò. Se rezon sa ki fè li merite onè, lanmou, ak rekonesans.
Manman yo se priye, se fòs, se lanmou
Anpil nan nou la jodi a paske manman nou pa janm sispann priye pou nou. Yo sou jenou yo lè nou nan danje. Yo konn soufri an silans. Se pou sa, nou pa dwe bliye di mesi, ba yo onè, sipòte yo.
Konklizyon:
Onore manman ou, pa sèlman jou fèt manman, men chak jou. Ba li lanmou, respè, ak rekonesans. Bondye remen lè nou onore sa li mete sou tè a pou pran swen nou. Epi pa bliye sa Bib la di:
“Onore manman ou... pou ou ka viv lontan sou latè.” (Egzòd 20:12)
Ekri pa Fr. Frantz Jean-Gilles